ARK NETWORK reference.ch · populus.ch    
 

  ADEBHA 

 Home  | Livre d'Or  | Contact  

 

 

Rubriques

Liens


 

Click here to make a donation

 

Mesaj nouvèlan ADEBHA a chita sou enpòtans « linyon fè lafòs »  
Ròl slogan sa a nan lit pou endepandans dAyiti

 
 

SILANS!

 
 

 
SILANS ! kitem tande bri kè m  
K’ap bat pitimi  
K’ap fredone san rete  
Viktwa sa ki byen sou sa ki mal  
SILANS ! kite m’ li nan zye lanati  
Tout mèvèy kifè briye  
Anpil espwa pou peyi dAyiti  
SILANS ! kite m’ tande vwa lalwa  
K’ap fè tout kalite piwèt  
Pou retire ayiti nan jwèt  
SILANS ! pou bri sapat Ayisyen  
Otorite panyòl ap chase sou tè Sendomeng  
Rive fwete ogèy tout natif natal  
SILANS ! pou kri latriye zannimo  
Maroule ak kondwi nan labatwa  
Pa melanje ak rèl yon pèp k’ap lite pou libète  
SILANS ! pou pawòl yon mesaje lapè  
Pa pèdi nan kri yon kolònn chen panze  
K’ap jape pou po patat  
SILANS ! pou nou tande youn aprè lòt  
Kri endyen yo, blan te masakre  
Ansanm ak yon rejiman esklav ki sòti an Afrik  
SILANS! Pou nou tande gwo kri  
Lanperè Desalin te pouse sou pon rouj  
Avan li trepase anba bal asasen  
SILANS ! menm si nou tounen pwa tann  
N’ap tann listwa bay vèdik  
Tout zak kriminèl ki komèt nan peyi d’Ayiti.
 
 

 
 

Lè a rive pou tout moun ladann

 

Pwojè Sosyete ADEBA mete tout moun ladann. ADEBA di bouch moun fann se pou yo manje. Fwa sa a peyizan ak tout moun lamizè ap toupizi nan katye popilè yo, ap pote labanyè nan tout aksyon leta pou fè moun viv tankou moun :  
 
- Tout timoun ap gen bon jan batistè, pral lekòl san problèm, jwenn doktè ak mis pou bayo bon jan swen lè yo malad, timoun ap gen tout kalite privilèj ki ka pèmèt yo vini sitwayen ak sitwayèn responsab pou sèvi peyi yo ; 
 
- Leta ap pran bon jan mezi pou pèmèt manman ak papa pitit travay pou bonè fwaye a ;  
 
- Tout sitwayen ak sitwayèn ki vle fè biznis ap jwenn ankourajman leta pou fè sa ;  
 
- Tout moun k ap travay tè, leta ap ba yo mwayen pou fè sa - Konstitisyon peyi a klè sou sa ;  
 
- Za fè pou moun ap mal manje, mal dòmi nan yon peyi lib endepandan, avèk ADEBA opouvwa, se bliye sa ;  
 
- Tout moun ap lib pou fè politik, lib pou rantre nan nenpòt pati politik. Sou yon gouvènman ADEBA, pap gen pèsekisyon – Opinyon tout pitit peyi a ap brase ansanm epi tounen seròm pou fè Ayiti vanse sou chimen devlopman.  
 
- Jistis ak sekirite ap sa nèt. Afè pran yon sitwayen al fèmen l nan prison epi bliye l, pap gen sa pyès. Jistis ap sispann vann tankou patat nan mache. Leta ap resi bay peyizan ak tout lòt moun ki gen nesesite sa a, avoka gratis ticheri pou ede yo nan zak y ap gen pou akonpli kòm sitwayen, epi akonpaye yo nan tribinal si yo ta gen pou defann dwa yo devan lajistis.  
 
- Lapolis la pou pwoteje lavi tout moun, ansanm ak byen yo. Jou ADEBA nan tèt pouvwa a, sa ap fèt. Pa gen sakrifis ki twò gran pou bay yon pèp sekirite kelkeswa kote l ap viv.  
 
Travay tè ak fè komès, se 2 pi gwo aktivite peyi a genyen pou fè moun viv. Leta fèt pou oganize aktivite sa yo byen pou pèmèt moun viv alèz tankou blez.  
 
ADEBA di pa gen lapè lè kout kanno grangou ap tire nan vant malere. Pa gen lapè, lè yon ti gwoup moun pran tout pou yo epi kite yon mas moun ap soufri. Pa gen lapè lè koripsyon tounen sèl kòk chante nan aparèy leta a. Pa ka gen lapè lè se brigan kap dirije leta. Pa ka gen lapè lè tout moun kwè yo gen dwa fè sa yo pito.  
 
ADEBA nan tèt leta a promèt pou l aplike lalwa san gade dèyè pou fè tout pitit peyi a viv nan lapè nèt ale. Pa janm bliye, misyon ADEBA, se bati yon peyi tou nèf pou tout moun viv kòmsadwa. Ann mete men pou sa fèt pou byen nou tout.
 
 
 

 
 

ADEBA ESPWA MOUN KI NAN MALSITE

 
 

 
Pwojè sosyete ADEBA a ap pèmet tout ayisyen viv tankou moun. Yon gouvènman ADEBA ap mete lalwa nan tout aktivite l’ap fè poul fè moun viv komsadwa. L’ap aplike nèt al kole prensip ki di « tout moun se moun pa gen moun pase moun. »  
 
Pwojè sosyete ADEBA a mande tout Ayisyen kwè nan tout valè kifè anpil pèp sou la tè viv nan byennèt. Pwojè sa a mande pou tout Ayisyen respekte deviz peyi a ki se Libète – Egalite – fratènite. Si twa mo sa yo rive aplike komsadwa, pap gen moun k’ap viv nan malsite. ADEBA di fòk sa chanje.  
 
Tout jan ou vire peyi a se peyizan ki plis ap viv nan malsite :  
 
- Se zòn kote peyizan ap viv ki pa gen sekirite, ki pa gen okenn sèvis leta, ki pa gen dlo potab, ki pa gen bon kay pou moun rete, ki pa gen bon rout, ki pa gen lekòl, sant sante, biwo etasivil pou nou site sa yo sèlman ;  
 
- Peyizan kontinye ap viv jouk jounen jodi a sou yon ti moso tè ki pa ka pwodwi anyen akòz leta pa ba l bon jan ankadreman; yon gouvènman ADEBA ap pran an men agrikilti peyi a pou peyizan sispann viv sou kont « Bondye bon » ;  
 
- Se peyizan ki sibi tout kalite enjistis,tout kalite pèsekisyon zenglendo ak tout kalite moun san fwa ni lwa k ap simen dèy andedan peyi a ;  
 
- Se peyizan dlo bote al jete nan gran rivyè, nan ravin, nan lanmè, lè gen gwo lapli van tanpèt tankou jan sa te fèt nan Mapou, Fonvèrèt, Gonayiv, kabarè, epi nan kèk zòn nan nòdwès peyi a ;  
 
- Nan chache lavi detwi lavi, se peyizan ki al fè reken manje yo nan lanmè, ki al pran imilyasyon nan batey kay vwazen lè yo pa jwenn refij nan bidonvil nan peyi a kote move lavi fè moun monte maswife ;  
 
- Se pou mete yon fren nan tout kalamite pitit bondye de bra balanse ap viv andedan peyi dAyiti ADEBA vle pran tèt leta a.
 
 
 

 
 

DWAMOUN

 

 
Gen yon jiris fransè ki di : « Moun se yon endividi – Se sèl Moun ki gen dwa – Moun se yon pèsonn – Moun se yon nonm pou fini, li di yon moun se yon tou ». Kreyol la di « Kaptenn zonbi se yon nonm ».
 
 
Enpotans Moun 

Okenn moun pa fèt ak chenn esklavaj. Tout moun rive sou tè a libelibè. Tout byen ki gen sou latè se pou moun. Tout moun fèt pou jwenn pa yo egalego san yo pa bezwen fè san soti nan roch, ni naje pou yo soti.  
 
Pa bliye lavi moun makonen ak tout sa ki gen sou latè : ak zannimo yo – ak pye bwa yo. Ou konnen se rasin bwa yo ki kenbe dlo lapli nan tè a. Ou konnen se dlo lapli sa yo ki fè nou jwenn dlo pou nou bwè nan sous yo. Ou konnen ki wol dlo jwe nan lavi moun : Moun fè manje ak dlo, moun bwè dlo, moun benyen nan dlo, moun fè remèd ak dlo. Yon timoun ki fek fèt gen nan kol plis dlo ke tout bagay, save yo di li genyen 85lo nan kol. Granmoun genyen 65lo nan ko yo. Lè nap konsidere tout bagay sayo, Nou mèt di kareman ; DLO SELAVI.  
 
Granmèt la pa fè anyen pou anyen. Tout fey nan bwa, tout bèt kap viv sou latè, sab yo, roch yo, tout gen lofis yo, yo tout makonnen ak vi moun. Moun se pa selman ko n’ap gade a. Moun se tout sa ki gen nan lanati. Tout sa ki egziste sou latè se pou kore vi moun. Kididonk se tout sa ki konpoze nati a. Sa vle di chak tan ou fè lanati mechanste se moun wap detwi. Granmèt la kreye moun andènye epi li konsakre l mèt latè. Se nan sans sa a gran save kap reflechi nan zafè dwa deklare sou latè beni, se sèl moun ki gen dwa.
 
 
RESPE AK GARANTI DWAMOUN 

Bezwen pou yon moun viv se yon bagay natirèl. Se bezwen sa yo ki bay nesans ak sa yo rele dwamoun. Dwadelom, dwazimen, dwamoun se senkant kob ak degouden, tout vle di menm bagay. Se yon dwa ki chita sou tout sa ki endispansab nan lavi moun. Dwa yon moun se dwa tout moun. Lè dwa yon moun vyole, tout moun dwe leve kanpe. Pwovèb la di: “Nen pran kou je kouri dlo”  
 
Tout dwa ki chita sou bezwen natirèl moun enpotan. Men dwa pou moun viv nan yon anvironnman ki fèt pou moun, dwa pou moun manje epi byen manje, dwa pou moun rete nan yon bon kay, pa gen tankou dwa sa yo. Si Leta egziste se pou bay dwa sa yo jarèt. Misyon tout leta se garanti dwamoun.  
 
Nan kèk pwovèb, Pèp ayisyen an pa janm sispann bay dizon l sou dwa sa yo : « Sak vid pa kanpe », « tout bouch fann se pou manje », « chen grangou pa jwe », « Se pa lè domi nan je ou pou tann kabann ou ». Nan zafè manje ak domi pa gen tann. Chak pèp montre enpotans dwa sa yo nan lang yo. Fransè a di : « Ventre affamé n’a pas d’oreille ».  
 
Dwamoun se dwa pou moun fèt epi viv san chenn nan pye l - se dwa pou moun viv nan diyite – se dwa pou moun abite yon kote ki fèt pou moun viv - se dwa pou moun viv nan lapè ak nan sekirite - se dwa pou ko ak lespri moun pa sibi move tretman epi jwenn bon jan pwotejman lalwa. Ko moun se yon bagay sakre. Lalwa nan tout peyi defann yo arete moun mal, jete yon moun nan prizon nan nenpot ki kondisyon, jwe nan loloj yon moun pou fè l pale depale. Menm lè yon moun kondane pou yon koz kriminèl, lalwa mande pou yo respekte dwa li genyen pou l kontinye viv tankou moun.  
 
Anpil moun konfonn dwa natirèl ak dwa fondamantal. Dwa natirèl yo chita sou bezwen ki vrèman endispansab pou yon moun viv. Pa gen yon grenn moun sou latè ki ka reziste nèt ale anba grangou, ki pap santi l chimerik lè li fè tout vi l ap domi mal.  
 
Dwa fondamantal, se dwa moun genyen pou pale di sa ou pito sou jan ou vle viv sou yon bout tè nan mond la, dwa pou moun jwenn bon jan konesans ki ka pèmèt li bay tèt li bon jan mwayen pou l viv byen, dwa pou yon moun mete l ak anpil lot moun pou fè yon bagay ki gen objektif sèvi yon kominote.  
 
Dwamoun pa dwa malere sèlman se dwamoun ki gen lajan tou. Dwamoun pa dwa granmoun sèlman se dwa timoun yo tou. Dwamoun pa dwa gason sèlman se dwa fanm yo tou. Dwamoun pa dwa senmp sitwayen sèlman, se dwa chèf yo tou. Dwamoun pa dwa inosan sèlman, se dwa koupab yo tou. Dwamoun pa dwa moun ki drèt selman, se dwa moun fou yo tou. Anfen, dwamoun se dwa tout moun. Lè dwa yon moun vyole tou moun fèt pou leve kanpe.
 
 

>
 
 

Onè Respè Pou Ayiti  

 
 

Ayiti se yon siro myèl, yon jirezen bode  
Kifè anpil mouch fè lavironndede.  
Ayiti sanble ak yon boutik  
Kote ipokrit pa bouke fè kritik  
Ayiti tounen yon fanm fol, yon pafen majik  
Ki sedwi gwo pisans mak fabriK  
K ap chache chans  
Pou montre yo pa nan rans  
Ayiti, ou menm ki te yon modèl  
Pou peyi nèg ki pa gen chandèl  
Jodi a ou tounen yon bodèl  
Pandan tout nasyon ap vanse  
Ou menm ou chita ap ranse.  
Ayiti tounen yon paradi  
Pou tout epav ki pa gen patri  
Ayiti kale yon latriye antrav  
Kifè pitit li tounen kadav.  
Dirijan an Ayiti bay mizè kat blanch  
Pou simaye dèy nan mitan kay planch  
Pou tronpe vijilans yon pèp ebete  
Ki kontinye ap peye dèt libete.  
Pitye… Pitye pou Ayiti  
N ap di tout apranti  
Si Ayiti ap depafini  
Se paske yo pa respekte règ  
Onè respè pou tout kalite règ  
Ki ka ede nou bati yon peyi nèg. 
 
 

 

NOU NAN PETREN  

 
 

Gen soley li fè nwa  
Gen lalin ak zetwal  
Pa gen lannwit  
Zèklè file pa gen loray  
Gen lagrèl pa gen lapli  
Gen lafimen pa gen dife  
Gen pousyè pa gen van  
Gen sous pa gen dlo  
Gen myèl pa gen siro  
Gen kòn pa gen bèf ni kabrit  
Gen dèy pa gen lanmò  
Mezanmi nou nan petren.  
 
Gen kadav pa gen sèkèy  
Gen chasè pa gen jibye  
Gen pechè pa gen bètdlo  
Gen avyon pa gen espas  
Gen dife pa gen ponpye  
Gen baryè pa gen kloti  
Gen mond riral pa gen peyizan  
Gen foutbolè pa gen teren  
Gen pèp souvren pa gen libète  
Gen jèn pa gen jenès  
Mezanmi nou nan petren.  
 
Gen granmoun pa gen sajès  
Gen otorite pa gen lòd  
Gen lanmou pa gen lanmoure  
Gen pwomès pa gen espwa  
Gen sosyete pa gen lwa  
Gen bato gen lanmè pa gen pò  
Gen bèt sovaj pa gen fore  
Gen zwazo pa gen pye bwa  
Gen mouton pa gen bèje  
Gen kò pa gen tèt  
Mezanmi nou nan petren
 
 

 
 

NOU NAN PETREN ( 2e pati)  

 

 
Gen pawòl pa gen bouch  
Gen kominyon pa gen pen ni diven  
Gen kè pa gen renmen  
Gen kwayans pa gen lafwa  
Gen kerèl pa gen rèl  
Gen dan pa gen jansiv  
Gen venn pa gen san  
Gen chenn pa gen kou  
Gen malad pa gen doktè  
Gen mèt pa gen sèvitè  
Gen tribunal pa gen jijman  
Gen krim pa gen kriminèl  
Gen jistis pa gen jij  
Gen lagè pa gen lame  
Gen koupab pa gen inosan  
Gen santinel pa gen wayòm  
Gen elèv pa gen pwofesè  
Gen fidèl pa gen ni prèt ni pastè  
Gen kòk batay pa gen gagè  
Gen savan pa gen sèvo  
Mezanmi nou nan petren  
Gen mantè pa gen palman  
Gen pòv pa gen lomòn  
Gen istwa pa gen istoryen  
Gen kwafè pa menm gen tèt chòv  
Gen bal pa gen mizisyen  
Gen dansè pa gen mizik  
Gen tren pa gen ray  
Gen pèlen pa gen zannimo  
Gen dontè pa gen cheval pòt  
Gen eritye pa gen eritaj  
Gen ouvriye pa gen faktori  
Sa vle di nou nan petren.
 
 

 
(c) ADEBHA - Créé à l'aide de Populus.
Modifié en dernier lieu le 7.01.2010
- Déjà 12714 visites sur ce site!